Kijan nou ka simonte pè ki nan nou.

Dedication: Mwen dedye istwa mwen an ak tout jèn ki gen yon pè pou yo afwonte obstak ki devan yo, ak tout moun ki bezwen avanse sou wout siksè.

Kijan nou kapab simonte pè ki nan nou?

*premyèman*
Si ou vle ale lwen nan lavi ou fok ou kwè nan tèt ou.Chak ou doute de tèt ou,ou ap anpeche ou avanse sou wout siksè ou.Konn valè ou,konn kapasite ou epi eksplwate yo.Chita sou talan ou ak kalite ou.Mete yo anba je sosyete aa olye ou ap plenyen de defo ou ak mank ou.ou ka reyalize plis toujou si ou reprann konfyans nan tèt ou.Kwè nan tèt ou,konsantre ou sou sa ou vle,epi travay ak pèseverans pou ou rive fè siksè.mwen se yon jèn lidè,etidyant nan syans enfimyè, mwen ap travay ak fanm ak tifi pou mwen ede yo ranfòse kapasite yo,men nou ta sezi wè pandan mwen ap fè kokennchenn travay sa,mwen gen yon gwo pè nan mwen.Mwen gen anpil kapasite pou mwen fè travay mwen,mwen toujou la pou medam yo,ba yo konsey,ede yo remonte moral yo,motive yo pou yo pa abandone rèv yo,pou yo afwonte obstak ki devan yo e kontinye vanse.Gwo pè sa mwen ap di nou an,mwen pè echek,depi mwen ap fè yon bagay mwen pran echek sa ap demoralize mwen konplètman,mwen ap pran anpil tan pou mwen aksepte echek la e rekomanse.

Sa vin fè mwen doute de kapasite mwen,menm lekol mwen lè mwen gen pou mwen prezante yon sijè mwen pè,mwen ap tranble,nan kè mwen ap di ou Kwè mwen ap pase kou a? Ou Kwè mwen ap byen fè li?? Sa te vrèman konn ban mwen pwoblèm pou mwen wè mwen ap ede moun Kwè nan tèt yo,Kwè nan rèv yo epi mwen menm mwen pè echek,sa vin tounen yon gwo obstak nan vi mwen,toutan mwen ap medam yo”l’échec est dur mais, c’est impardonnable de ne pas réessayer ” epoutan mwen pa gen kouraj pou mwen afwonte echek mwen yo.Mwen ap di nou sa fok nou antoure nou ak moun ki pozitif e ki Kwè nan kapasite nou.Mwen gen yon zanmi mwen li toujou ap di mwen Jesula mo echek la envante sepou ou ka releve,remonte pant lan,ou pa dwe ret atè a lè ou echek ,li toujou di mwen, mwen dwe aprann de echek mwen, wè kisa ki fè mwen pran echek e rekomanse.

*Dezyemman*
Andikap ou pa dwe yon blokaj pou siksè ou.Depi sèvo ou ap fonksyone,ou gen anpil zouti pou ou eklate kit se andikap nan mache,nan pale,aprann konnen ou ka reyalize anpil bagay depi ou rive depase andikap sa yo.Konfyans ak estim pou tèt ou se baz siksè ou.Fè andikap ou tounen yon boustè pou siksè.

Se pou rezon sa mwen vle pataje istwa mwen ak nou,pou mwen montre nou Kijan mwen rive simonte pè mwen an.

Mwen sonje nan fen lane 2019,mwen jwenn envitasyon pou mwen patisipe nan yon aktivite SheDecides ta pral reyalize nan mwa mas 2020, yo te mande mwen siyen manifes mwen fè li,epi yo mande mwen ekri yon tèks 600 mo mwen te fè li,aprè yo mande mwen voye yon videyo,e se la mwen ta pral dekouvri nan ki nivo mwen pè echek e sa te fè mwen sou zestime kapasite mwen, mwen ap fè videyo a,pa gen moun ki ap gade mwen,men pwiske mwen met nan tèt mwen si videyo a pa bon mwen pap kalifye pou aktivite a,mwen vin ap swe,mwen chanje rad tanzantan telman mwen mouye,mwen fè 10 videyo avan mwen resi jwenn yonn ki bon e lè mwen te voye li li te bon,sa te fè mwen fyè de tèt mwen,e lè mwen te komanse ap patisipe nan tout aktivite SheDecides yo,se la mwen vin komanse ap reprann konfyans nan mwen e zanmi mwen an te toujou ap ankouraje mwen pou mwen kontinye paske li wè mwen anpil potansyalite,e lè selebrasyon SheDecides la mwen lage foto yo sou rezo sosyal yo pou mwen montre travay le mwen ap fè nan kominote a,e gen anpil moun ki ap ekri mwen pou felisite mwen,pou di mwen kenbe la,mwen ap fè yon bon travay,mwen li anpil istwa ki pale de motivasyon e se la mwen ap reyalize pè sa mwen te genyen an li te anpeche mwen wè potansyalite mwen,e kounyea lè mwen ap fè videyo mwen pa pè ankò,lè mwen ap patisipe nan yon aktivite mwen bay tout mwen menm pou mwen fè li e mwen fè li san pè e mwen toujou reyisi ladan yo.

Pou mwen fini mwen ap di nou Konfyans nan tèt nou,se zam ki pwisan,tonbe pa yon echek se rete atè aa ki pi grav,sispann gaspiye eneji ou nan doute sou tèt ou,ou vo plis ke sa,ann aprann oze nan la vi,mèsi.

Photo credit: Images courtesy of storyteller.

Story shared by...

Raphaël Jesula

Mwen se yon etidyant enfimyè,mwen se mentor mwen ap travay ak fanm ak tifi pou mwen ede yo ranfòse kapasite yo,mwen pasyone pou koz fanm,mwen ap milite pou dwa fanm ak tifi respecte.